Knight Arts Challenge FAQ – Creole

Knight Arts Challenge la se yon apèl ouvè pou pwojè ki angaje e ede a anrichi vil Akron, Detroit, Miami avèk St. Paul gras a atizay

APLIKASYON

Ki lè peryòd aplikasyon an ap kòmanse?

Nan vil Akron epi nan vil Detroit, y ap kòmanse asepte premye aplikasyon  yo depi 18 mas, 2019 jiska 19 avril, 2019 a 11:59 lè nòmal a lès.

Nan Miami, y ap kòmanse asepte premye aplikasyon yo depi 24 jen 2019 jiska 26 jiyè 2019 11:59 lè nòmal a lès.

Kouman règ yo pati?

Gen twa règ: 1) Lide a fèt pou li chita sou yon pwojè travay atistik 2) Pwojè a dwe fèt swa nan Akron, swa nan Detroit, oubyen nan Miami. 3) Fòk jwenn lòt fon ki pou konplete sibvansyon Fondasyon Knight la.

Èske se òganizasyon benevòl ouswa enstitisyon edikasyonèl sèlman ki dwe aplike?

Konpetisyon an ouvè pou tout moun: òganizasyon benevòl, enstitisyon, endividi, inivèsite, minisipalite, òganizasyon atistik, konpayi prive ak tout lòt kategori moun. Nenpòt moun gen dwa soumèt yon aplikasyon epi n ap ankouraje tout moun pou yo fè sa!


Ou menm oubyen òganizasyon w lan pa oblije gen baz nou nan Akron, Detroit, oubyen Miami, men depi pwojè a ap fèt nan youn nan vil sa yo oubyen depi li benefisye youn nan vil sa yo, li ap kalifye.

Èske ou oblije sitwayen Ameriken pou ou aplike?

Non. Konkou a ouvè a aplikan ki soti nan tout peyi.

Èske ou dwe gen 18an minimòm pou ou kapab aplike?

Non. Si minè ta genyen, prim nan pral jwenn paran timoun nan oswa gadyen legal li. Yon don ta kapab ale jwenn yon òganizasyon ki aksepte travay avèk timoun ki anba 18an.

Èske mwen menm oubyen òganizasyon mwen an oblije gen baz li nan Akron, Detroit oubyen Miami?

Nan Detroit, w ap kalifye, si pogram nan oubyen pwojè a ap fèt nan Vil Detroit, nan Vil Hamtrack oubyen nan Vil Highland Park oubyen si l ap nan avantaj vil sa yo.

Nan Akron, w ap kalifye si pogram ou an oubyen pwojè a ap fèt nan vil Akron oubyen si l ap nan avantaj vil sa a.

Nan Miami, w ap kalifye si pwogram ou an oubyen pwojè a ap fèt nan Palm Beach County, nan Broward County, nan Miami-Dade County oubyen nan Monroe County oswa si l ap nan avantaj youn nan kote sa yo.

Ki diferans ki genyen ant yon aplikasyon e yon “Pwopozisyon Konplè”?

Aplikasyon an se yon deklarasyon ki genyen 150 mo ki ba nou yon rezime ki enkli jis ase enfòmasyon pou konprann lide ou a. Si nou chwazi ou kòm finalis, n’ap envite ou ekri yon pwopozisyon ki pi detaye.

Konbyen aplikasyon mwen kab soumèt?

Nou ap asepte yon aplikasyon sèlman nan men chak moun ki aplike.

Konbyen lajan mwen kapab mande?

Pa gen limit. Mè byen sonje ke ou dwe matche lajan prim Knight la dola pou dola avèk fon ki soti lòt kote.

Èske mwen kapab ajoute atachman a ide inisyal mwen an?

Non. Naratif 150 mo ou a se meyè opòtinite ou genyen pou ou fè ide ou a pase nan yon premye faz. Pwopozisyon konplè yo nan 2è faz la ap enkli atachman adisyonèl tankou lèt sipò, egzanp travay, bidjè ak lòt dokimantasyon siplemantè.

Èske mwen oblije genyen yon lèt sipò si lide mwen an depann de yon lòt òganizasyon oswa yon lòt patnè?

Wi. Yon lèt sipò obligatwa.

MATCHING

Kisa yon “challenge grant” ye?

Challenge grant lan se yon sibvansyon ki la pou rale lòt moun pou enplike nan finansman yon pwojè. Nou ap fè anpil efò, mè nou envite lòt moun pou yo patisipe. Se pou sa nou mande moun ki genyen challenge yo pou yo jwenn lòt sous finansman pou matche ak pa nou an, yon fwa sibvansyon an akòde.

Kisa ou antann pa “jwenn lòt sous finansman pou matche”don fondasyon an?

Konsèp la senp anpil: Si ou genyen 10Mil dola, ou dwe jwenn yon lòt 10Mil dola andeyò de fon Knights yo. (Sa a se sèlman yon egzanp pou esplike ou kòman matching fon yo fèt. Pa genyen yon montan kontribisyon maksimòm de fondasyon an.)

Èske fon matching yo kapab vini de lajan pa mwen oswa de lajan ki te deja la andedan òganizasyon mwen an?

Non. Nou ap chèche nouvo fon pou atizay. Sa vle di ou dwe fè lòt moun mete fon pa yo tankou nou menm nou fè li. Jeneralman, sèlman kontribisyon sou fòm lajan kach ki soti nan nouvo sous a òganizasyon oswa pwojè ou a k’ap konte pou matching lan.

A ki moman matching fon an dwe fèt?

Ou gen apeprè 1 an de lè ou resevwa don an pou ou matche fon pa nou an. Si li se yon pwojè ki etale li sou plizyè lane, ou ap gen apeprè 1 an pou ou matche montan don chak ane a.

Èske matching lan se toujou 1 dola pou chak dola?

Jeneralman wi. Anba sèten sikonstans ki trè ra (e jeneralman pou gwoup ki piti) nou kapab konsidere matche a on pi gwo nivo. Menm jan an tou, nou kapab egzije yon pi gwo kontribisyon ki soti andeyò pou chak dola nou bay si òganizasyon ou a deja jwi de yon sipò finasye ki solid.

Èske Knight ede mwen jwenn fon pou matching?

Non. Meyè resous ou genyen pou matche fon yo se fondasyon kominotè local ou yo, konpayi prive, revni lajan travay, kontribisyon kach, fon piblik e finansman patisipatif.

PWOSESIS LA

Kisa ke yo konsidere kòm ATIZAY?

Se yon bon kestyon. Gen plizyè definisyon, mè nou pi renmen sa a: Itilizasyon konsyan de konpetans e imajinasyon kreyatif. Nou pa-p’ chèche pwojè sosyal ki sèvi ak atizay pou akonpli objektif yo. Nou ap chèche pwojè ki, tou dabò, fè efò pou yo kreye bon kalite atizay nan kominote nou yo.

Kòman pou mwen konnen lè ke pwojè mwen an matche avèk lide ou a sou koze atizay oswa inovasyon?

Se yon konkou sou lide, e nou vle ke ou panse avèk orijinalite. Sèl jan pou ou konnen si li matche avèk konkou a se pou ou soumèt li. Sa sèlman pran 20 minutes pou ou ofri lide ou genyen an atravè aplikasyon nou an sou entènèt.

Kisa priyorite finansman Knight yo ye?

Pou yon esplikasyon konplè sou estrateji Atizay Knight la, tanpri klike LA a.

Kiyès ki pral revize soumisyon mwen an?

Anplwaye Knight yo revize chak lide avèk èd atis e lidè ki nan atizay nan chak kominote. An konklizyon, desizyon final la rete nan men konsèy administrasyon Knight Foundation lan.

Ak ki kritè yo pral sèvi pou evalye soumisyon yo?

Tout gayan Knight Arts Challenge yo dwe genyen atizay kòm nannan pwojè yo a, e li dwe reflete yon nivo ki trè elve nan ekselans atistik yo.

Apa de sa, nou ap cheche lide ki otantik a vil kote yo soti a, e ki reflete vwa ak valè kominote ke yo desèvi a.

E ane sila a, nou ap cheche pwojè ki sèvi ak teknoloji tou — swa kòm yon zouti pou yon atis fè travay li, kòm yon fason pou nou attire e pou nou angaje piblik yo, oswa pou nou fè atizay pi aksesib. An konklizyon, pi bon avantaj la se pou ou genyen yon bèl lide pou atizay.

Èske mwen kapab toujou aplike si pwojè mwen an se jis yon lide ke li ye?

Wi, Aplikasyon yo valab pou pwojè ki tounèf oswa pwojè ki deja sou ray’.

Ki lè y ap fè n konnen ki moun ki genyen?

Y ap anonse finalis yo ann ete a epi moun ki genyen yo ann otòn nan.

Konbyen tan sa ap pran yo fè nou konnen kote aplikasyon nou an rive?

Y ap kontakte w pa imèl apeprè 2 mwa apre yo fin ranmase aplikasyon yo swa pou yo mande w pou w soumèt lòt dosye oubyen pou yo di w aplikasyon w lan pa pase.

Si pwopozisyon mwen an pa aksepte, èske m’ap konnen pou ki rezon?

Poutèt gwo kantite aplikasyon nou resevwa yo, nou pa gen mwayen pataje rezon ki fè nou refize li a avèk ou.

Si mwen te deja genyen avan, èske mwen kapab aplike ankò?

Wi.

Ki kote mwen kab jwenn enfòmasyon sou pwojè ki te genyen deja?

Men kèk pwojè ki te genyen Detroit, Miami ak Akron.

Mwen li lis kesyon moun poze souvan yo. Kouman pou m fè pou m aprann plis sou konkou a pou m kab fè pwojè m nan vin pi konpetif?

Anplwaye Knight yo ap fè reyinyon piblik ak kèk ti rankont pou reponn kesyon kon sa. Tanpri reponn envitasyon sa a pou kèk rankont kote y ap bay enfòmasyon an pèsòn nan Akron nan sit sa a: kf.org/kacakroninfo oubyen Detroit nan sit sa a kf.org/kacdetroitinfo. Yo pral anonse sesyon enfòmèl pou vil Miami yo pi devan.

Kilès pou m kontakte si m gen yon kesyon?

Poze kesyon w yo nan sit sa a [email protected]

Mèsi!