Knight New Work 2020 FAQs (Creole) – Knight Foundation

Knight New Work 2020 FAQs (Creole)

An 2020, Knight New Work Miami pral envesti jiska $500,000 nan atis epi nan òganizasyon ki fè travay atistik pou devlope epi pou kreye yon seri pèfòmans ki pral fèt nan Miami an 2021.

Peryòd pou moun soumèt pwojè yo se ant 10 out a 8 septanm. Aplikasyon yo ap disponib sou kf.org/newwork2020.

Men repons pou kèk nan kesyon moun poze souvan.

Ki lè enskripsyon an ap ouvè epi ki lè l ap fèmen?

Lendi 10 out pou madi 8 septanm a 11:59 p.m. ET.

Ki moun ki kalifye pou yo aplike?

Atis endividyèl, gwoup atis epi òganizasyon ki fè travay atistik, tout kalifye pou yo aplike. Atis endividyèl la fò se nan Miami-Dade County li travay epi fò l kab montre sa l fè deja swa kòm yon atis ki konpoze mizik, swa yon koyewograf oswa yon ekriven pyès teyat. Fò Òganizasyon k ap aplike yo gen baz yo nan Miami-Dade County kote yo prezante pèfòmans yo swa nan dans, swa nan mizik oswa nan Teyat.

Èske òganizasyon m nan dwe gen baz li nan Miami-Dade?

Wi, fòk baz òganizasyon yo nan Miami-Dade County pou yo kab enskri. Yo kapab travay an patenarya ak atis endividyèl ki pa rete nan Miami-Dade, depi moun sa yo kab montre jan yo gen byen konekte ak Miami. Men, tout travay atistik yo se nan Miami-Dade pou yo inogire yo.

Mwen se yon atis men mwen pa baze nan Miami-Dade. Èske m kalifye pou aplike?

Non, opòtinite sa a se pou atis ki gen baz yo nan Miami-Dade sèlman. Nou ankouraje w kontinye tcheke avè nou yon lòt lè pou lòt opòtinite pi devan!

Ki sa yo mande òganizasyon k ap aplike?

Fòk se yon òganizasyon k ap fè travay atistik ki baze nan Miami-Dade, oubyen yon enstitisyon ki travay nan domèn atistik epi ki prepare kèk prezantasyon atistik tanzantan. Kote sa yo kapab soumèt yon aplikasyon. Prezantasyon kote sa yo prepare dwe nan kategori dans, mizik epi teyat.

Ki lè yo pral prezante pèfòmans sa yo?

Moun ki geyen konpetisyon Knight New Work yo ap rankontre ansanm nan sezon prentan 2021 pou yo montre sou ki sa yo kòmanse travay. Se sèten Knight pral chwazi yon ti gwoup pwojè pou ba yo plis kòb pou yo prepare pwojè yo a epi prezante li. Fò pwojè fondasyon an chwazi yo pare pou mèt yo prezante yo anvan fen ane 2021 an.

Sa k ap pase apre mwen soumèt aplikasyon mwen an?

Lè w fin soumèt aplikasyon w lan, fondasyon an ap fòme yon gwoup pou evalye aplikasyon yo. Men ki moun k ap nan gwoup sa a: kèk atis, kèk moun ki travay nan domèn atistik, epi kèk anplwaye nan Knight. Anplwaye Knight yo ap fè entèvyou ak moun ki rive nan final yo epi y ap anonse moun ki genyen yo an desanm 2020.

Konbyen aplikasyon yon òganizasyon kab soumèt?

Chak kote k ap aplike, kit se yon moun pou kont li, kit se yon gwoup moun, kit se yon òganizasyon, chak dwe soumèt yon sèl aplikasyon.

Pou konbyen kòb mwen gen dwa mande?

Valè lajan y ap bay la se $10,000. Moun ki genyen yo ap kalifye pou yo konsidere yo kòm kandida ki kab resevwa lajan anplis.

Èske m kab voye lòt travay ak aplikasyon m nan?

Wi. Yo mande pou moun k ap aplike yo soumèt echantiyon travay yo ak lòt materyèl ki kab ede dekri nouvo lide y ap travay sou li a oubyen kalite travay atistik y ap fè a.

Ki kalite nouvo travay atistik n ap chèche?

Fò travay la se yon travay ki nan kategori dans, teyat epi nan mizik epi fò travay la pran an konsiderasyon oswa reponn a kontrent epi reponn a opòtinite pandemi a prezante. N ap chèche pwojè ki konekte moun ansanm epi ki konekte yo ak Miami atravè travay atistik, nan kad limit règleman distans sosyal COVID-19 pote epi ak lòt règleman pou pwoteje sante tout moun.

Kouman mwen ka fè aplikasyon m nan pi atiran?

Pa gen oken bèl fraz oswa oken sekrè ki pou fè yon aplikasyon pi konpetitif. Dabitid aplikasyon ki reyisi yo se aplikasyon kreyatif, ki gen nouvo lide, ki gen bon kalite travay atistik, ki byen prepare, ki orijinal epi atis la kapab reyalize li sa ki nan plan li an.

Èske gen yon egzijans pou moun jwenn akonpayman pou sibvansyon sa a?

Non, pa genyen.

Ki sa finansman òganizasyon Knight genyen kòm priyorite?

Si ou bezwen yon esplikasyon konplè konsènan estrateji fondasyon Knight nan afè pogram Atistik, ou mèt klike la a.

Ki moun ki tcheke aplikasyon m nan epi k ap deside ki moun y ap bay sibvansyon?

Ak kout menm kèk lòt atis epi ak konkou kèk lidè nan domèn atistik, anplwaye Knight yo tcheke chak ide moun soumèt. Anfennkont, se Manm konsèy administrasyon fondasyon Knight la ki pran desizyon final la.

Èske m kab toujou aplike si pwojè m nan se yon ide l ye sèlman?

Wi. You moun kab aplike pou yon nouvo pwojè nèt oswa yon pwojè yo fèk ap devlope. Men fòk se pa yon travay yo prezante bay piblik la deja.

Ki lè y a anonse moun ki genyen yo?

Y ap anonse moun ki genyen yo an Desanm 2020.

Si yo pa asepte pwopozisyon m nan, èske y ap di m pou ki sa?

Pou valè aplikasyon nou resevwa, nou pap an mezi pou nou fè chak moun konnen pou ki sa yo rejte aplikasyon pa yo.

Èske Knight New Work ranplase Knight Arts Challenge?

Knight New Work pap ranplase Knight Arts Challenge. New Work la soti nan defi sa a epi se yon pwolonjman travay fondasyon Knight ap fè pou konble vid ki egziste ant sibvansyon yo bay òganizasyon debaz ak atis endividyèl parapò a envestisman yo fè nan gran enstitisyon yo.

Pou ki sa konkou sa a konsantre sou teyat, mizik ak dans sèlman?

Pogram Knight New Work la konsantre sou yon pwen espesifik kon sa pou l ogmante kapasite li pou l fè yon enpak pozitif. Gen tout yon seri moun ki kreye a dramatik nan Miami ki gen bon jan renome, gen anpil atis ki fèk ap parèt tou ki bezwen yon bourad pou fè moun konnen yo la swa sou plan nasyonal swa sou plan entènasyonal antan atis k ap kreye travay atistik.

Ki moun pou m kontakte si m bezwen ransèyman?

Voye kesyon ou genyen sou imel sa a [email protected].

Èske m kab aplike nan yon lòt lang olye de Angle?

Wi, ou mèt soumèt enfòmasyon w yo nan lang ou vle. Tout aplikasyon moun soumèt nan lòt lang olye de Anglè, y ap fè tradui aplikasyon sa yo ann Angle lè y ap fè evaliyasyon pwojè yo.